Tout moun nan Filadèlfi gen dwa a sèvis City yo nan lang ki pi konfòtab pou yo pale a. Sa vle di ke tout depatman City yo dwe planifye pou aksè lang.Plan sa yo gen ladan entèpretasyon an dirèk, nan telefòn, zoom oswa an pèson, epi tradiksyon dokiman.

Aksè lang espesyalman enpòtan pou sivivan vyolans domestik yo, agresyon sesyèl, oswa trafik ki pale lòt lang ki pa Anglè. Chi-Ser Tran, Avoka Ekip pou Pwojè Aksè Lang ak Inite SSI nan Sèvis Legal Kominotè yo di, “Aksè lang se yon aksè a kesyon jistis. Li ka vle di tou diferans ant lavi ak lanmò nan kèk sitiyasyon, tankou pou sivivan abi yo.”

Pale de eksperyans ki fè pè oswa twomatik difisil nan nenpòt lang. Sivivan ki gen Anglè limite yo ka jwenn ke swen sante, tribinal, lojman, pwoteksyon timou, ak lòt sistèm yo bay konfizyo. Entèpretasyon an kritik pou sivivan yo ka reyisi kominike ak sistèm sa yo. Tran souliye, “Li epòtan pou ke òganizasyon ak ajans k’ap sèvi sivivan abi yo konprann kijan pou jwen sèvis lang epi itilize yo efektivman pou founi aksè siyifikatif bay nenpòt moun ki gen konpetans Anglè limite.”

Travay ak yon entèprèt pou kominike ak moun ka yon bagay nouvo pou ou. Kontinye li konsèy sou kijan pou fè pwosesis la efektif ak favorab pou sivivan abi yo.

Pwoteje privasite

Konsiderasyon privasite espesyalman enpòtan pou sivivan yo. Pa itilize timoun oswan manm fanmi an kòm entèprèt, paske sa ka yon risk pou sivivan yo. Fè sèten ke ou mande lòt moun yo kite chanm nan epi chache yon espas prive pou pale.

Si ou nan telefòn ak sivivan an, mande yo si li pridan pou pale anvan ou mande plis enfòmasyon.

Familyarize

Anplwaye City Filadèlfi yo ta dwe revize Plan Aksè Lang depatman yo a. Depatman ou la gen pwobabman gen yon Kòdonatè Aksè Lang. Planifye yon reyinyon ak yo pou familyarize ak kisa ki disponib. Li pi bon pou konnen kisa pou fè anvan ou bezwen rele yon entèprèt. Sivivan yo ka gen enkyetid konsènan aksede a sèvis City yo. Konyans ak preparasyon ou vle di anpil.

Moun Filadèlfi ki travay pou anplwayè prive yo ka revize pwòp politik aksè lang anplwayè yo. Ou ka konsilte LEP.gov tou pou zouti ak resous pou devlope yon plan aksè lang.

Pa mize

Mande moun nan alavans si yo bezwen yon entèprèt. Si ou la an pèsòn, postè idantifikason-lang yo (PDF) ka ede ou idantifye ki lang yo bezwen. Yon fwa ou konnen, fè efò pou konekte rapid ak yon entèprèt.

Pa eseye travay sou enfòmasyon debaz yo san yon entèprèt. Sa ta ka vle di the sivivan an manke enfòmasyon enpòtan.

Prezante tèt ou, entèprèt la, epi pèmèt sivivan an prezantè tèt li. Fè sèten ke ou esplike wòl oswa konsènan kisa konvèsasyon an pral dewoule.

Rete Klè ak dirèk

Pale an premyè pèsòn. Ou dwe pale a sivivan an kòm si entèprèt la p’at la. Pa egzanp, di: “Kijan ou ye?” olye de, “Èske ou ka mande li kijan li ye?”

Toujou esplike akwonym oswa tèm teknik yo. Pale nan segman byen kout pou entèprèt la ka swiv enfòmasyon an. Entèprèt la tou ka mande ou eklèsisman. Klète enpòtan. Sivivan an ka itilize enfòmasyon sa pou pran desizyon konsènan sekirite yo. Yo bezwen konprann totalman sa k’ap pase.

Al dousman

Konvèsasyon sa yo ka dire plis tan ke yon konvèsasyon san entèpretasyon. Tcheke byen pou fè sèten ke vitès konvèsasyon an fonksyone pou entèprèt la. Tcheke byen ke sivivan an konprann. Prepare pou pran yon ti tan anplis.

Lè w’ap fini, fè rezime de sa ki te pale a oswa de pwochen etap yo. Sa ap bay sivivan an chans pou klarifye kèk kesyon ak entèprèt la.

Aksè lang se yon dwa

Ede sivivan yo nan lang ki pi konfòtab pou yo pale enpòtan. Konsèy sa yo ap ede, men metriz pran tan ak pratik. Itilize resous nan lyen pi ba a pou aprann plis sou aksè lang. Pou sivivan ak sipòtè yo, pataje resous ki tradwi yo nan lyen pi ba a.

Resous

Si ou panse ke relasyon ou a gen abi, oswa ki ou panse yon moun ou konnen ap sibi abi, rele liy vyolans domestik 24-èdtan Filadèlfi a nan (866) 723-3014. Entèpretasyon Lang disponib.