Konsènan eleksyon jeneral 2020 an
Fason pou aplike pou pou yon bilten vòt postal
Fason pou vote pa lapòs

Eleksyon jeneral 2020 an se yon eleksyon pou prezidan, ki fèt chak kat (4) lane. Gid sa a gen enfòmasyon enpòtan sou zafè eleksyon, fason ou kapab patisipe, ak opsyon ou genyen pou vote pa lapòs.

Dat enpòtan yo

Tanpri enskri pou w vote, aplike pou w vote pa lapòs, epi remèt bilten vòt postal ou a pi bonè ou kapab.

Byenke pwosesis bilten vòt postal la sekirize, ou pa ta dwe tann dènye delè yo pou aplike pou bilten vòt la epi pou remèt li.

oktòb 2020
19 oktòb

Se dènye jou pou enskri pou w vote nan eleksyon jeneral la

27 oktòb

Konsèy Elektoral Philadelphia a dwe resevwa aplikasyon ou pou yon bilten vòt pa lapòs avan 5 p.m.

novanm 2020
03 novanm

Jounen Eleksyon

Si w ap voye bilten vòt ou a pa lapòs, ou ta dwe voye li byen bonè kou ou kapab. Dat ki sou so lapòs la sipoze avan Jounen Eleksyon an.

Ou ka depoze bilten vòl ou a nan biwo Konsèy Elektoral Konte Philadelphia a, nan biwo satelit la, oswa nan bwat depo yo. Nou sipoze resevwa li avan 8:00 pm nan Jounen Eleksyon an.

Kèk enfòmasyon ki gen rapò ak eleksyon an kapab chanje. Ou ka konfime dat limit yo oswa kote pou w remèt bilten vòt ou asou philadelphiavotes.com oswa relel Konsèy Elektoral Konte Philadelphia a nan (215) 686-3469.

Sou bilten vòt la: Kandida yo

Ou pral vote pou kalite sa yo kandida yo.

  • Prezidan Etazini an (President of the United States), ki se antèt gouvènman an epi Komandan an Chèf fòs lame a.
  • Pwokirè Jeneral Pennsylvania (Attorney General of Pennsylvania), ki se premye moun ki responsab pou fè aplike lalwa nan eta a.
  • Verifikatè Jeneral Pennsylvania (Pennsylvania Auditor General), ki asire li yo depanse lajan eta selon lalwa.
  • Trezorye Pennsylvania (Pennsylvania Treasurer), k ap jere epi envesti lajan eta a.
  • Senatè Eta Pennsylvania yo (Pennsylvania State Senators), ki se manm chanm ot an gouvènman eta a nan Harrisburg. 50 senatè eta yo pase lwa yo ak bidjè eta a epi konfime nominasyon gouvènè a.
  • Chanm Reprezantan Pennsylvania yo (Pennsylvania House of Representatives), ki se manm manm chanm ba gouvènman eta a nan Harrisburg. 203 reprezantan eta a pase lwa yo ak bidjè eta a.

Sou bilten vòt la: Kesyon yo

Pral gen kat kesyon sou bilten vòt la. Pou chak kesyon, ou kapab vote “wi” oswa “non”.

Si w vote “wi” pou kesyon nimewo en (1), kesyon nimewo de (2) ak kesyon nimewo twa (3) sou bilten vòt la, sa vle di ou vle chanje Konstitisyon Lokal Vil Philadelphia. Konstitisyon an fikse règ pou gouvènman Vil la.

Pi ba a gen plizyè rezime kesyon ki sou bilten vòt yo nan lòd yo pral parèt sou bilten vòt ou a.

1. Arete epi fouye

Si w vote “wi”, ou vle pou Depatman Lapolis Philadelphia a sispann pratik arete epi fouye moun lan ki pa nan konstitisyon an. Sa vle di yon polisye pa p kapab arete yon moun poutèt ras li, gwoup etnik li, sèks li, seksyalite li, afilyasyon oswa ekspresyon relijye li, oswa lòt karakteristik ki pwoteje yo. Olyede sa, polisye a dwe gen soupsyon rezonab moun lan patisipe nan aktivite kriminèl.

2. Biwo pou Defann Dwa Viktim yo

Si w vote “wi”, ou vle pou Vil la kreye yon biwo ki pral defann dwa moun ki viktim zak kriminèl yo.

3. Komisyon pou Sipèvize Lapolis pou Sitwayen yo

Si w vote “wi”, ou vle pou Vil la kreye yon Komisyon pou Sipèvize Lapolis pou Sitwayen yo ki pral yon antite pèmanan nan gouvènman Vil la. Komisyon sa a pral travay pou li amelyore konpòtman polisye yo epi rann Depatman Lapolis Philadelphia a responsab pou aksyon polisye yo.

4. Zafè prete lajan

Si w vote “wi”, ou vle pou Vil Philadelphia a prete $134 milyon pou li depanse nan:

  • Transpò piblik.
  • Lari ak lapwòpte.
  • Bilding minisipal yo.
  • Pak ak lwazi.
  • Mize.
  • Devlopman ekonomik ak kominotè.

Enfòmasyon pou pran kontak biwo eleksyon lokal yo

Ou kapab jwenn enfòmasyon sou zafè eleksyon ak vòt nan Philadelphia sou philadelphiavotes.com. Si w te enskri pou vote nan yon lòt konte Pennsylvania, ou kapab jwenn biwo eleksyon lokal ou a sou votesPA.com.

Konsèy Elektoral Konte Philadelphia

Si w gen kesyon sou eleksyon jeneral la, kontakte Konsèy Elektoral Konte Philadelphia a nan (215) 686-3469. Gen sèvis entèprèt ki disponib.

Biwo Enskripsyon Elektè Philadelphia

Si w gen kesyon sou zafè enskri pou vote a oswa konfime enskripsyon ou kòm elektè, kontakte Biwo Enskripsyon Elektè Philadelphia a nan (215) 686-1591. Gen sèvis entèprèt ki disponib.

Manm Komisyon Vil Philadelphia yo

Ou kapab kontakte Manm Komisyon Vil Philadelphia yo tou. Manm komisyon yo se otorite yo eli ki responsab eleksyon ak enskripsyon elektè yo nan Philadelphia. Ale sou philadelphiavotes.com pou jwenn plis enfòmasyon sou Manm Komisyon Vil Philadelphia yo.

Nan Pennsylvania, chak elektè ki enskri gen otorizasyon vote pa lapòs. Si w bezwen èd pou ranpli aplikasyon bilten vòt postal ou a, kontakte Konsèy Elektoral Konte Philadelphia a nan (215) 686-3469.

Fason pou aplike pou vote pa lapòs

1
Chwazi fason ou ta renmen aplike.
Sou entènèt

Pou aplike sou entènèt, ale nan votesPA.com/ApplyMailBallot. Aplikasyon sou entènèt la ap disponib nan lang angle ak panyòl.

Pa lapòs

Gen de (2) fason pou jwenn yon aplikasyon papye. Ou kapab:

  • Ale sou votesPA.com/ApplyMailBallot pou w telechaje epi enprime aplikasyon an. Sou sit sa a, ou kapab mande tou pou fè yo voye yon aplikasyon ba ou pa lapòs.
  • Kontakte Konsèy Elektoral Konte Philadelphia a nan (215) 686-3469 pou w mande pou fè yo voye yon fòm ba ou pa lapòs. Ou kapab kontakte yon Manm Komisyon Vil la.

Aplikasyon sou papye a ap disponib nan lang Angle, Panyòl, Chinwa ak Vyetnamyen.

2
Ranpli aplikasyon bilten vòt postal ou a epi soumèt li.

Si w bezwen èd pou ranpli aplikasyon w lan, kontakte Konsèy Elektoral Konte Philadelphia a nan (215) 686-3469.

Aplikasyon an mande ou pou bay enfòmasyon sou oumenm, ki gen ladan:

  • Enfòmasyon pou pran kontak: Ou kapab mete yon nimewo telefòn ak imèl nan ribrik “Enfòmasyon sou ou” a. Si w bay yon adrès imèl, ou pral jwenn notifikasyon sou estati aplikasyon w lan ak bilten vòt postal ou a. L ap byen itil nou tou si ou mete enfòmasyon sa yo sizoka otorite ki responsab eleksyon yo bezwen kontakte ou. Yo pa pataje enfòmasyon w yo ak okenn moun deyò biwo eleksyon an.
  • Adrès: Ou dwe ekri adrès ou egzakteman jan ou te enskri pou vote a. Ou kapab tcheke enskripsyon elektè ou sou pavoterservices.pa.gov oswa rele Depatman Deta Pennsylvania nan 1 (877) 868-3772.
  • Idantifikasyon: Yo pral mande ou bay lisans chofè Pennsylvania (PA) w lan oswa nimewo kat idantite ki gen foto PennDOT bay. Oswa, ou kapab bay kat (4) dènye nimewo Sekirite Sosyal ou a.

Si w pa genyen fòm kat idantite sa yo, koche ti kare ki di: “Mwen pa genyen lisans chofè PA ni yon kat idantite PennDOT ni yon nimewo Sekirite Sosyal”. W ap toujou bezwen soumèt fotokopi yon kat idantite ki akseptab avèk aplikasyon w lan.

Pou jwenn enfòmasyon so pyès idantite ki akseptab, rele Depatman Deta Pennsylvania nan 1 (877) 868-3772.

Si w ap ranpli aplikasyon w lan sou papye, sonje bagay sa yo:

  • Ou dwe ranpli aplikasyon papye w lan ak yon plim nwa. Tanpri ekri klèman.
  • Ou pral bezwen yon anvlòp ak yon tenm lapòs pou voye aplikasyon w lan pa lapòs.
Dat aplikasyon aktyèl la

Ou ta dwe aplike pi bonè kou ou kapab. Aplikasyon pou bilten vòt pa lapòs yo dwe nan biwo fizik Konsèy Elektoral Konte Philadelphia a 5 pm. avan madi 27 oktòb 2020. Biwo a chita nan City Hall, Room 130, Philadelphia, PA 19107.

Si aplikasyon ou rive apre dat limit la, nou p ap akspte dat so lapòs la kòm dat limit aplikasyon an, epi ou pa pral kapab vote pa lapòs.

Pou konfime enfòmasyon konsènan dat limit la oswa fason pou w soumèt aplikasyon ou an, tanpri kontakte Konsèy Elektoral Konte Philadelphia a nan (215) 686-3469.

3
Tcheke estati aplikasyon bilten vòt postal ou a.

Depi w fin soumèt aplikasyon bilten vòt postal ou a, ou kapab tcheke estati li lè w ale sou pavoterservices.pa.gov. Ou kapab rele Depatman Deta Pennsylvania a tou nan 1 (877) 868-3772.

Si w aplike sou entènèt, ou pral anmezi pou gade estati aplikasyon w lan nan espas 48 èdtan apre w fin soumèt li.

Anplis, si w bay yon adrès imèl lè w aplike, ou ta dwe resevwa imèl ki soti nan Sèvis pou Elektè Pennsylvania yo. Mesaj sa yo pral enfòme ou sou estati aplikasyon w lan epi yo pral di w kilè ou ta dwe resevwa bilten vòt ou a nan lapòs.

Pati sa a nan gid la dekri fason ou kapab ranpli bilten vòt ou a epi remèt li. Apre w fin soumèt bilten vòt postal ou a, ou kapab tcheke estati li nan pavoterservices.pa.gov oswa lè w rele Depatman Deta nan 1 (877) 868-3772.

Fason pou vote pa lapòs

1
Resevwa bilten vòt ou a pa lapòs.

Apre w fin aplike, ou pral resevwa bilten vòt postal ou a nan adrès ou te bay la. Anndan li, ou ta dwe jwenn:

  • Bilten de bò ou.
  • Enstriksyon sou bilten vòt.
  • Yon dokiman ki eksplike kesyon sou bilten vòt la.
  • Yon ti anvlòp sekrè pou sele bilten vòt ou.
  • Yon gwo anvlòp “Deklarasyon Elektè” pou poste bilten sele ou a pa lapòs.

Si w bliye fè yon bagay, rele Konsèy Elektoral Konte Philadelphia a nan (215) 686-3469.

If you don’t receive your mail-in ballot, check its status at pavoterservices.pa.gov or contact the Philadelphia County Board of Elections at (215) 686-3469.

2
Li enstriksyon yo mete avèk bilten vòt ou a.

Enstriksyon yo ap endike “Enstriksyon pou vote pa lapòs oswa pa korespondans”. Y ap raple w dat limit pou bilten vòt postal ou a epi yo ap eksplike w fason pou w ranpli li.

3
Ranpli bilten vòt ou a.

Bilten vòt postal ou a ap gen de (2) bò. Ou ta dwe itilize sèlman plim ble oswa plim nwa pou w ranpli bilten vòt ou a.

Si w fè yon erè sou bilten vòt ou a, pa bife anyen ni ekri okenn nòt. Olyede sa, ale sou ballotform.philadelphiavotes.com oswa rele Konsèy Elektoral Konte Philadelphia a nan 215-686-3469 pou mande yon lòt bilten vòt.

Ou ta dwe ranpli bilten vòt ou a an sekrè, sof si yon moun ap ede w ranpli li.

Ranpli oval ki toupre kandida ou vle vote pou li a.

Si w ta renmen ekri non yon kandida ki pa sou bilten vòt la, ranpli oval ki toupre opsyon “Write-in (Ekri non) an”. Apresa, ekri non li adwat oval la.

Prete atansyon a kantite fwa yo otorize ou vote pou chak kategori. Pa egzanp, imaj sa a di w “Vote pou 1 sèl moun”.

Si w vote pou plis moun pase kantite yo mande w vote a, yo pa p konte vòt ou a.

Si w deside pa vote pou yon kandida oswa pou yon kesyon sou bilten vòt la, pa gen pwoblèm. Y ap toujou konte bilten vòt ou a.

Ou ka vote sèlman ak “wi” oswa “non.”

Pou w vote “wi” pou yon kesyon sou bilten vòt la, ranpli oval “yes” a.

Pou w vote “non” pou yon kesyon sou bilten vòt la, ranpli oval “no” an.

4
Mete bilten vòt ou a nan ti anvlòp sekrè a.
  1. Repliye bilten vòt la jan yo te voye li ba ou a.
  2. Mete li nan ti anvlòp ki endike “Bilten Vòt Eleksyon Ofisyèl”. Pa mete okenn lòt bagay andedan oswa ekri sou anvlòp la.
  3. Mouye kòl ki sou pli anvlòp la.
  4. Fèmen anvlòp sekrè a pou w kachte bilten vòt ou a.
Remak: Nou  pa pral konte bilten vòt yo remèt san anvlòp sekrè a.
5
Mete bilten vòt kachte a nan gwo anvlòp "Deklarasyon Elektè" a.
  1. Mete bilten vòt kachte a nan gwo anvlòp “Deklarasyon Elektè” a. Pa mete okenn lòt bagay anndan li.
  2. Mouye kòl ki sou pli anvlòp la.
  3. Fèmen anvlòp postal la pou w kachte li.
  4. Ekri adrès ou ak plim ble oswa plim nwa anlè nan kwen goch anvlòp la.

6
Siyen deklarasyon elektè a ki nan do anvlòp la.
Si w ranpli bilten vòt ou a poukont ou:
  1. Siyen agoch anvlòp la nan rektang ki make ak X la epi ki endike “Elektè”.
  2. Ekri dat ou te ranpli bilten vòt la, non ou, ak adrès ou sou liy orizontal ki anwo mo yo.

Si yon moun te ranpli bilten vòt ou a pou ou:
  1. Siyen adwat anvlòp la nan rektang ki make ak X la epi ki endike “Elektè”.
  2. Moun ki te ede w la ta dwe ekri dat li te ranpli bilten vòt ou a. Li ta dwe mete adrès ak siyati li tou sou liy orizontal ki anwo mo “Dat” ak mo “Temwen”

7
Remèt bilten vòt postal ou a.
Pa lapòs

Ou ka retounen bilten vòt ou a pa lapòs. Frè postal la peye alavans. Dènye jou ki dwe sou so lapòs la dwe Jounen Eleksyon an. Si ou gen plan retounenbilten vòt ou a pa lapòs, tanpri fè sa pi vit posib.

Fas-a-fas

Pifò elektè dwe retounen pwòp bilten yo. Sepandan, si ou gen yon andikap fizik, ou ka chwazi yon moun pou retounen bilten ou pou ou.

Retounen pwòp bilten ou

Ou kapab depoze bilten vòt ou a youn nan kote sa yo:

  • Konsèy Elektoral Konte Philadelphia a (City Hall, Room 130, Philadelphia, PA 19107).
  • Yon biwo eleksyon satelit.
  • Yon bwat pou depoze bilten vòt.
Nou toujou ap travay pou jwenn egzakteman ki kote pou depoze yo. Si ou gen kesyon sou ki kote pou retounen bilten vòt ou an, ale nab philadelphiavotes.com oswa kontakte Konsèy Elektoral Konte Philadelphia a nan (215) 686-3469.

Deziyen yon moun pou remèt bilten vòt ou an

Si ou fizikman kapab retounen pwòp bilten vòt ou a, ou ka chwazi yon lòt moun (oswa “deziyen yon ajan”) pou depoze li. Pou fè sa, ou dwe ranpli yon fòm deziyasyon ak sètifikasyon yon ajan.

Ajan ou deziyen an dwe retounen fòm sa a ak bilten sele ou a bay Konsèy Elektoral Konte Philadelphia a. Si ou gen kesyon sou chwazi yon moun pou retounen bilten vòt ou a, kontakte konsèy la nan (215) 686-3469.

Si ou pa ka retounen bilten vòt pa lapòs la avan dat limit la, a vote nan biwo vòt ou a nan jou eleksyon an. Pou fè sa, ou ta dwe pote bilten vòt pa lapòs ou ak anvlòp “Deklarasyon Elektè” a nan biwo vòt la pou jij eleksyon yo anile. Si ou pa kapab retounen bilten lapòs ou ak anvlòp “Deklarasyon Elektè” a, ou ka toujou vote ak bilten pwovizwa.

Kontakte Konsèy Elektoral Konte Philadelphia a nan (215) 686-3469 pou w konfime.

8
Tcheke estati bilten vòt postal ou a.

Depi w fin soumèt bilten vòt postal ou a, ou kapab tcheke estati li lè w ale sou pavoterservices.pa.gov. Ou kapab rele Depatman Deta Pennsylvania a tou nan 1 (877) 868-3772.

Si w te bay yon adrès imèl lè w t ap aplike pou bilten vòt postal ou a, ou ta dwe resevwa yon imèl lè yo resevwa bilten postal ou ranpli a.

Konsènan eleksyon jeneral 2020 an

  • Dat enpòtan yo

    Tanpri enskri pou w vote, aplike pou w vote pa lapòs, epi remèt bilten vòt postal ou a pi bonè ou kapab.

    Byenke pwosesis bilten vòt postal la sekirize, ou pa ta dwe tann dènye delè yo pou aplike pou bilten vòt la epi pou remèt li.

    Dat enpòtan yo

    Tanpri enskri pou w vote, aplike pou w vote pa lapòs, epi remèt bilten vòt postal ou a pi bonè ou kapab.

    Byenke pwosesis bilten vòt postal la sekirize, ou pa ta dwe tann dènye delè yo pou aplike pou bilten vòt la epi pou remèt li.

    oktòb 2020
    19 oktòb

    Se dènye jou pou enskri pou w vote nan eleksyon jeneral la

    27 oktòb

    Konsèy Elektoral Philadelphia a dwe resevwa aplikasyon ou pou yon bilten vòt pa lapòs avan 5 p.m.

    novanm 2020
    03 novanm

    Jounen Eleksyon

    Si w ap voye bilten vòt ou a pa lapòs, ou ta dwe voye li byen bonè kou ou kapab. Dat ki sou so lapòs la sipoze avan Jounen Eleksyon an.

    Ou ka depoze bilten vòl ou a nan biwo Konsèy Elektoral Konte Philadelphia a, nan biwo satelit la, oswa nan bwat depo yo. Nou sipoze resevwa li avan 8:00 pm nan Jounen Eleksyon an.

  • Sou bilten vòt la: Kandida yo

    Ou pral vote pou kalite sa yo kandida yo.

    • Prezidan Etazini an (President of the United States), ki se antèt gouvènman an epi Komandan an Chèf fòs lame a.
    • Pwokirè Jeneral Pennsylvania (Attorney General of Pennsylvania), ki se premye moun ki responsab pou fè aplike lalwa nan eta a.
    • Verifikatè Jeneral Pennsylvania (Pennsylvania Auditor General), ki asire li yo depanse lajan eta selon lalwa.
    • Trezorye Pennsylvania (Pennsylvania Treasurer), k ap jere epi envesti lajan eta a.
    • Senatè Eta Pennsylvania yo (Pennsylvania State Senators), ki se manm chanm ot an gouvènman eta a nan Harrisburg. 50 senatè eta yo pase lwa yo ak bidjè eta a epi konfime nominasyon gouvènè a.
    • Chanm Reprezantan Pennsylvania yo (Pennsylvania House of Representatives), ki se manm manm chanm ba gouvènman eta a nan Harrisburg. 203 reprezantan eta a pase lwa yo ak bidjè eta a.
  • Sou bilten vòt la: Kesyon yo

    Pral gen kat kesyon sou bilten vòt la. Pou chak kesyon, ou kapab vote “wi” oswa “non”.

    Si w vote “wi” pou kesyon nimewo en (1), kesyon nimewo de (2) ak kesyon nimewo twa (3) sou bilten vòt la, sa vle di ou vle chanje Konstitisyon Lokal Vil Philadelphia. Konstitisyon an fikse règ pou gouvènman Vil la.

    Pi ba a gen plizyè rezime kesyon ki sou bilten vòt yo nan lòd yo pral parèt sou bilten vòt ou a.

    1. Arete epi fouye

    Si w vote “wi”, ou vle pou Depatman Lapolis Philadelphia a sispann pratik arete epi fouye moun lan ki pa nan konstitisyon an. Sa vle di yon polisye pa p kapab arete yon moun poutèt ras li, gwoup etnik li, sèks li, seksyalite li, afilyasyon oswa ekspresyon relijye li, oswa lòt karakteristik ki pwoteje yo. Olyede sa, polisye a dwe gen soupsyon rezonab moun lan patisipe nan aktivite kriminèl.

    2. Biwo pou Defann Dwa Viktim yo

    Si w vote “wi”, ou vle pou Vil la kreye yon biwo ki pral defann dwa moun ki viktim zak kriminèl yo.

    3. Komisyon pou Sipèvize Lapolis pou Sitwayen yo

    Si w vote “wi”, ou vle pou Vil la kreye yon Komisyon pou Sipèvize Lapolis pou Sitwayen yo ki pral yon antite pèmanan nan gouvènman Vil la. Komisyon sa a pral travay pou li amelyore konpòtman polisye yo epi rann Depatman Lapolis Philadelphia a responsab pou aksyon polisye yo.

    4. Zafè prete lajan

    Si w vote “wi”, ou vle pou Vil Philadelphia a prete $134 milyon pou li depanse nan:

    • Transpò piblik.
    • Lari ak lapwòpte.
    • Bilding minisipal yo.
    • Pak ak lwazi.
    • Mize.
    • Devlopman ekonomik ak kominotè.
  • Enfòmasyon pou pran kontak biwo eleksyon lokal yo

    Ou kapab jwenn enfòmasyon sou zafè eleksyon ak vòt nan Philadelphia sou philadelphiavotes.com. Si w te enskri pou vote nan yon lòt konte Pennsylvania, ou kapab jwenn biwo eleksyon lokal ou a sou votesPA.com.

    Konsèy Elektoral Konte Philadelphia

    Si w gen kesyon sou eleksyon jeneral la, kontakte Konsèy Elektoral Konte Philadelphia a nan (215) 686-3469. Gen sèvis entèprèt ki disponib.

    Biwo Enskripsyon Elektè Philadelphia

    Si w gen kesyon sou zafè enskri pou vote a oswa konfime enskripsyon ou kòm elektè, kontakte Biwo Enskripsyon Elektè Philadelphia a nan (215) 686-1591. Gen sèvis entèprèt ki disponib.

    Manm Komisyon Vil Philadelphia yo

    Ou kapab kontakte Manm Komisyon Vil Philadelphia yo tou. Manm komisyon yo se otorite yo eli ki responsab eleksyon ak enskripsyon elektè yo nan Philadelphia. Ale sou philadelphiavotes.com pou jwenn plis enfòmasyon sou Manm Komisyon Vil Philadelphia yo.

Fason pou aplike pou pou yon bilten vòt postal

  • Fason pou aplike pou vote pa lapòs
    1
    Chwazi fason ou ta renmen aplike.
    Sou entènèt

    Pou aplike sou entènèt, ale nan votesPA.com/ApplyMailBallot. Aplikasyon sou entènèt la ap disponib nan lang angle ak panyòl.

    Pa lapòs

    Gen de (2) fason pou jwenn yon aplikasyon papye. Ou kapab:

    • Ale sou votesPA.com/ApplyMailBallot pou w telechaje epi enprime aplikasyon an. Sou sit sa a, ou kapab mande tou pou fè yo voye yon aplikasyon ba ou pa lapòs.
    • Kontakte Konsèy Elektoral Konte Philadelphia a nan (215) 686-3469 pou w mande pou fè yo voye yon fòm ba ou pa lapòs. Ou kapab kontakte yon Manm Komisyon Vil la.

    Aplikasyon sou papye a ap disponib nan lang Angle, Panyòl, Chinwa ak Vyetnamyen.

    2
    Ranpli aplikasyon bilten vòt postal ou a epi soumèt li.

    Si w bezwen èd pou ranpli aplikasyon w lan, kontakte Konsèy Elektoral Konte Philadelphia a nan (215) 686-3469.

    Aplikasyon an mande ou pou bay enfòmasyon sou oumenm, ki gen ladan:

    • Enfòmasyon pou pran kontak: Ou kapab mete yon nimewo telefòn ak imèl nan ribrik “Enfòmasyon sou ou” a. Si w bay yon adrès imèl, ou pral jwenn notifikasyon sou estati aplikasyon w lan ak bilten vòt postal ou a. L ap byen itil nou tou si ou mete enfòmasyon sa yo sizoka otorite ki responsab eleksyon yo bezwen kontakte ou. Yo pa pataje enfòmasyon w yo ak okenn moun deyò biwo eleksyon an.
    • Adrès: Ou dwe ekri adrès ou egzakteman jan ou te enskri pou vote a. Ou kapab tcheke enskripsyon elektè ou sou pavoterservices.pa.gov oswa rele Depatman Deta Pennsylvania nan 1 (877) 868-3772.
    • Idantifikasyon: Yo pral mande ou bay lisans chofè Pennsylvania (PA) w lan oswa nimewo kat idantite ki gen foto PennDOT bay. Oswa, ou kapab bay kat (4) dènye nimewo Sekirite Sosyal ou a.

    Si w pa genyen fòm kat idantite sa yo, koche ti kare ki di: “Mwen pa genyen lisans chofè PA ni yon kat idantite PennDOT ni yon nimewo Sekirite Sosyal”. W ap toujou bezwen soumèt fotokopi yon kat idantite ki akseptab avèk aplikasyon w lan.

    Pou jwenn enfòmasyon so pyès idantite ki akseptab, rele Depatman Deta Pennsylvania nan 1 (877) 868-3772.

    Si w ap ranpli aplikasyon w lan sou papye, sonje bagay sa yo:

    • Ou dwe ranpli aplikasyon papye w lan ak yon plim nwa. Tanpri ekri klèman.
    • Ou pral bezwen yon anvlòp ak yon tenm lapòs pou voye aplikasyon w lan pa lapòs.
    Dat aplikasyon aktyèl la

    Ou ta dwe aplike pi bonè kou ou kapab. Aplikasyon pou bilten vòt pa lapòs yo dwe nan biwo fizik Konsèy Elektoral Konte Philadelphia a 5 pm. avan madi 27 oktòb 2020. Biwo a chita nan City Hall, Room 130, Philadelphia, PA 19107.

    Si aplikasyon ou rive apre dat limit la, nou p ap akspte dat so lapòs la kòm dat limit aplikasyon an, epi ou pa pral kapab vote pa lapòs.

    Pou konfime enfòmasyon konsènan dat limit la oswa fason pou w soumèt aplikasyon ou an, tanpri kontakte Konsèy Elektoral Konte Philadelphia a nan (215) 686-3469.

    3
    Tcheke estati aplikasyon bilten vòt postal ou a.

    Depi w fin soumèt aplikasyon bilten vòt postal ou a, ou kapab tcheke estati li lè w ale sou pavoterservices.pa.gov. Ou kapab rele Depatman Deta Pennsylvania a tou nan 1 (877) 868-3772.

    Si w aplike sou entènèt, ou pral anmezi pou gade estati aplikasyon w lan nan espas 48 èdtan apre w fin soumèt li.

    Anplis, si w bay yon adrès imèl lè w aplike, ou ta dwe resevwa imèl ki soti nan Sèvis pou Elektè Pennsylvania yo. Mesaj sa yo pral enfòme ou sou estati aplikasyon w lan epi yo pral di w kilè ou ta dwe resevwa bilten vòt ou a nan lapòs.

Fason pou vote pa lapòs

  • Fason pou vote pa lapòs
    1
    Resevwa bilten vòt ou a pa lapòs.

    Apre w fin aplike, ou pral resevwa bilten vòt postal ou a nan adrès ou te bay la. Anndan li, ou ta dwe jwenn:

    • Bilten de bò ou.
    • Enstriksyon sou bilten vòt.
    • Yon dokiman ki eksplike kesyon sou bilten vòt la.
    • Yon ti anvlòp sekrè pou sele bilten vòt ou.
    • Yon gwo anvlòp “Deklarasyon Elektè” pou poste bilten sele ou a pa lapòs.

    Si w bliye fè yon bagay, rele Konsèy Elektoral Konte Philadelphia a nan (215) 686-3469.

    If you don’t receive your mail-in ballot, check its status at pavoterservices.pa.gov or contact the Philadelphia County Board of Elections at (215) 686-3469.

    2
    Li enstriksyon yo mete avèk bilten vòt ou a.

    Enstriksyon yo ap endike “Enstriksyon pou vote pa lapòs oswa pa korespondans”. Y ap raple w dat limit pou bilten vòt postal ou a epi yo ap eksplike w fason pou w ranpli li.

    3
    Ranpli bilten vòt ou a.

    Bilten vòt postal ou a ap gen de (2) bò. Ou ta dwe itilize sèlman plim ble oswa plim nwa pou w ranpli bilten vòt ou a.

    Si w fè yon erè sou bilten vòt ou a, pa bife anyen ni ekri okenn nòt. Olyede sa, ale sou ballotform.philadelphiavotes.com oswa rele Konsèy Elektoral Konte Philadelphia a nan 215-686-3469 pou mande yon lòt bilten vòt.

    Ou ta dwe ranpli bilten vòt ou a an sekrè, sof si yon moun ap ede w ranpli li.

    Ranpli oval ki toupre kandida ou vle vote pou li a.

    Si w ta renmen ekri non yon kandida ki pa sou bilten vòt la, ranpli oval ki toupre opsyon “Write-in (Ekri non) an”. Apresa, ekri non li adwat oval la.

    Prete atansyon a kantite fwa yo otorize ou vote pou chak kategori. Pa egzanp, imaj sa a di w “Vote pou 1 sèl moun”.

    Si w vote pou plis moun pase kantite yo mande w vote a, yo pa p konte vòt ou a.

    Si w deside pa vote pou yon kandida oswa pou yon kesyon sou bilten vòt la, pa gen pwoblèm. Y ap toujou konte bilten vòt ou a.

    Ou ka vote sèlman ak “wi” oswa “non.”

    Pou w vote “wi” pou yon kesyon sou bilten vòt la, ranpli oval “yes” a.

    Pou w vote “non” pou yon kesyon sou bilten vòt la, ranpli oval “no” an.

    4
    Mete bilten vòt ou a nan ti anvlòp sekrè a.
    1. Repliye bilten vòt la jan yo te voye li ba ou a.
    2. Mete li nan ti anvlòp ki endike “Bilten Vòt Eleksyon Ofisyèl”. Pa mete okenn lòt bagay andedan oswa ekri sou anvlòp la.
    3. Mouye kòl ki sou pli anvlòp la.
    4. Fèmen anvlòp sekrè a pou w kachte bilten vòt ou a.
    Remak: Nou  pa pral konte bilten vòt yo remèt san anvlòp sekrè a.
    5
    Mete bilten vòt kachte a nan gwo anvlòp "Deklarasyon Elektè" a.
    1. Mete bilten vòt kachte a nan gwo anvlòp “Deklarasyon Elektè” a. Pa mete okenn lòt bagay anndan li.
    2. Mouye kòl ki sou pli anvlòp la.
    3. Fèmen anvlòp postal la pou w kachte li.
    4. Ekri adrès ou ak plim ble oswa plim nwa anlè nan kwen goch anvlòp la.

    6
    Siyen deklarasyon elektè a ki nan do anvlòp la.
    Si w ranpli bilten vòt ou a poukont ou:
    1. Siyen agoch anvlòp la nan rektang ki make ak X la epi ki endike “Elektè”.
    2. Ekri dat ou te ranpli bilten vòt la, non ou, ak adrès ou sou liy orizontal ki anwo mo yo.

    Si yon moun te ranpli bilten vòt ou a pou ou:
    1. Siyen adwat anvlòp la nan rektang ki make ak X la epi ki endike “Elektè”.
    2. Moun ki te ede w la ta dwe ekri dat li te ranpli bilten vòt ou a. Li ta dwe mete adrès ak siyati li tou sou liy orizontal ki anwo mo “Dat” ak mo “Temwen”

    7
    Remèt bilten vòt postal ou a.
    Pa lapòs

    Ou ka retounen bilten vòt ou a pa lapòs. Frè postal la peye alavans. Dènye jou ki dwe sou so lapòs la dwe Jounen Eleksyon an. Si ou gen plan retounenbilten vòt ou a pa lapòs, tanpri fè sa pi vit posib.

    Fas-a-fas

    Pifò elektè dwe retounen pwòp bilten yo. Sepandan, si ou gen yon andikap fizik, ou ka chwazi yon moun pou retounen bilten ou pou ou.

    Retounen pwòp bilten ou

    Ou kapab depoze bilten vòt ou a youn nan kote sa yo:

    • Konsèy Elektoral Konte Philadelphia a (City Hall, Room 130, Philadelphia, PA 19107).
    • Yon biwo eleksyon satelit.
    • Yon bwat pou depoze bilten vòt.
    Nou toujou ap travay pou jwenn egzakteman ki kote pou depoze yo. Si ou gen kesyon sou ki kote pou retounen bilten vòt ou an, ale nab philadelphiavotes.com oswa kontakte Konsèy Elektoral Konte Philadelphia a nan (215) 686-3469.

    Deziyen yon moun pou remèt bilten vòt ou an

    Si ou fizikman kapab retounen pwòp bilten vòt ou a, ou ka chwazi yon lòt moun (oswa “deziyen yon ajan”) pou depoze li. Pou fè sa, ou dwe ranpli yon fòm deziyasyon ak sètifikasyon yon ajan.

    Ajan ou deziyen an dwe retounen fòm sa a ak bilten sele ou a bay Konsèy Elektoral Konte Philadelphia a. Si ou gen kesyon sou chwazi yon moun pou retounen bilten vòt ou a, kontakte konsèy la nan (215) 686-3469.

    Si ou pa ka retounen bilten vòt pa lapòs la avan dat limit la, a vote nan biwo vòt ou a nan jou eleksyon an. Pou fè sa, ou ta dwe pote bilten vòt pa lapòs ou ak anvlòp “Deklarasyon Elektè” a nan biwo vòt la pou jij eleksyon yo anile. Si ou pa kapab retounen bilten lapòs ou ak anvlòp “Deklarasyon Elektè” a, ou ka toujou vote ak bilten pwovizwa.

    Kontakte Konsèy Elektoral Konte Philadelphia a nan (215) 686-3469 pou w konfime.

    8
    Tcheke estati bilten vòt postal ou a.

    Depi w fin soumèt bilten vòt postal ou a, ou kapab tcheke estati li lè w ale sou pavoterservices.pa.gov. Ou kapab rele Depatman Deta Pennsylvania a tou nan 1 (877) 868-3772.

    Si w te bay yon adrès imèl lè w t ap aplike pou bilten vòt postal ou a, ou ta dwe resevwa yon imèl lè yo resevwa bilten postal ou ranpli a.

Telechaje gid sou bilten vòt postal la

Yon vèsyon gid sa a ki gen imaj epi ki ka enprime fasil disponib nan plizyè lang.