Tout sivivan vyolans domestik, kèlkeswa sitiyasyon imigrasyon yo, gen dwa pou chèche èd epi jwenn sèvis gratis. Sepandan, anpil sivivan imigran ka santi yo pè pou yo chèche jwenn èd. Men, gen resous ki egziste pou nenpòt moun ki sibi vyolans domestik, epi gen kèk dwa ak pwoteksyon byen presi pou sivivan imigran yo, sa gen ladan moun ki san papye yo. Anplis, Philadelphia se yon Vil Akeyan pou imigran epi li gen politik ki entèdi anplwaye vil la poze kesyon sou sitiyasyon imigrasyon (fòsdelòd yo ladan tou).
Vyolans domestik ka gen konsekans negatif pou tout kominote yo. Nan kominote imigran yo, kapab genyen diferan obstak pou resevwa swen ak sipò. Pa egzanp, sivivan ki san papye yo ta ka pè pou yo pa depòte yomenm oswa abizè yo a si yo foure lapolis nan koze a. Yo gendwa depann finansyèman de patnè abizif yo a oswa yo pè pou yo separe ak timoun yo. Diferans lang ak paske yo pa abitye ak sistèm yo ka fè yo kraponnen pou chèche èd. Tip obstak sa yo ka mennen sivivan an nan plis izòlman, sitou si yon patnè abizif te eseye sèvi ak laperèz konsènan sitiyasyon imigrasyon pou kontwole yo. Men, vyolans domestik se yon krim li ye Ozetazini, epi gen resous pou ede ou.
Aksè nan lang
Li nesesè pou sivivan vyolans domestik yo kapab jwenn aksè nan enfòmasyon nan lang yo bezwen an. Moun ki pale lòt lang ki pa Anglè gen dwa pou mande yon entèprèt nan plizyè anviwònman tankou biwo leta, kabinè medikal, lopital, ak tribinal. Sèvis Legal Kominotè yo kapab ede moun oryante yo pou jwenn lang yo bezwen an nan anpil sèvis. Moun ki limite nan pale Anglè oswa ki pa pale Anglè gen dwa (PDF) tou pou jwenn yon entèprèt fòme nan tout ka sivil yo ak ka kriminèl yo. Entèprèt yo gratis epi yo pral ede moun lan kominike ak konprann pwosedi legal yo. Sivivan yo ka malalèz pou yo mande entèpretasyon, men, pou ede yo, ou ka pran devan pou ofri e planifye entèpretasyon.
Dwa legal
Tout imigran gen dwa legal ak dwa sivil Ozetazini, kèlkeswa sitiyasyon imigrasyon yo. Imigran sivivan vyolans domestik yo ka chèche èd epi jwenn aksè nan sèvis gratis. Sèvis sa yo ka gen ladan rele liy asistans pou jwenn enfòmasyon, jwenn èd pou fè plan pou sekirite, oswa jwenn aksè nan konsèy gratis. Imigran sivivan DV kapab pouswiv opsyon legal sivil oswa kriminèl tou. Opsyon legal sivil yo gen ladan depoze yon Lòd pou Pwoteksyon Kont Abi, lagad timoun, sipò timoun, oswa divòs. Opsyon legal kriminèl yo gen ladan depoze yon rapò lapolis ak pouswiv akizasyon kriminèl kont yon patnè abizif.
Sivivan imigran vyolans domestik, agresyon seksyèl, arasman kriminèl oswa trafik moun gendwa kalifye pou sekou imigrasyon akòz eksperyans yo viv la. Sivivan yo dwe kontakte yon avoka imigrasyon, tankou Nationalities Service Center oswa HIAS Pennsylvania, pou wè si yo kalifye pou sekou imigrasyon ki ta ka ede yo jwenn sitiyasyon legal Ozetazini. Sekou imigrasyon an ta ka U-Visa, Oto-Petisyon VAWA, T-Visa, Azil ak lòt. Li posib pou chèche èd, kèlkeswa sitiyasyon imigrasyon an.
Resous
Gen sèvis ki disponib pou vyolans domestik epi plizyè founisè ki gen eksperyans nan Filadèlfi k ap travay avèk e pou sivivan imigran yo:
- Si ou panse ke relasyon ou an gen abi, oswa si ou panse y ap abize yon moun ou konnen, rele Liy asistans filadèlfi pou vyolans nan kay la 24 è sou vennkat nan (866) 723-3014. Entèpretasyon lang disponib.
- Jwenn èd legal pou imigrasyon nan Nationalities Service Center oswa HIAS Pennsylvania, ki bay èd legal ak jesyon ka pou sivivan imigran yo.
- Founisè sèvis sante ak sèvis sosyal ka sèvi ak gid sa a sou travay avèk imigran ak refijye ki viktim vyolans domestik pou jwenn konsèy sou pi bon pratik ak resous pou jwenn èd.
- Konekte ak sèvis pou sivivan vyolans domestik ak agresyon seksyèl nan Filadèlfi.
- Pataje gid sa yo ak enfòmasyon pou imigran ki viktim krim apwopo Lòd pou Pwoteksyon kont Abi, Navigasyon nan Pwosesis Jistis Kriminèl nan Filadèlfi, ak Pwogram Asistans Konpansasyon pou Viktim (Victim Compensation Assistance Program, VCAP). Gid sa yo disponib nan lang Anglè, Arab, Chinwa, Fransè, Kreyòl Ayisyen, Pòtigè, Ris, Panyòl, Swahili, Ikrenyen, ak Vyetnamyen.